Quantcast
Channel: LYRICS – Dynasty Haiti
Viewing all 250 articles
Browse latest View live

[Lyrics] JE ME SOUVIENS – PASCA [@PASCAOFFICIEL]

$
0
0

1er verse

Tre souvan kem bat fo
Msantim pa gen fos epim pran tranble
Dlo pa sispann koule nan je mwen
M’Pa gen anvi viv anko
Mwe imaj ou k prale
Ou devan jem menm paka touchew
Mtandew vwaw kap pale
Kem kap rache telmanm sonjew
Mvle santi kow nan bram
Mvlew mete menw nn pam
Msonje lavi’n, bel moman nou pase
Men domaj kew pa bo kote mwen
Mvle santi kow nan braam
Mvlew mete menw nn pam
Se konsa m sonje tou ke m koupab kew ale

Refrain

Je me souviens de tout
La première fois où je t’ai vu
Du premier au dernier mot
Je l’avoue
Je me souviens de tout
De tout nos moments passés
Et C’est bien ça mon problème
Je me souviens , je m’en souviens trop bien

2em verse

Msonje lew tap rele mwen
Mandem kotem ye pouw vinn jwenn mwen
Mte diw m te nan klas ke mpap ka fon pa
M gen exam so pita cheri wa vini wem lakay mwen
Poutan m t’ak lot fi
Tranbleman pase
Pandan wap tann mwen
Andedan chanm mwen kay la tombe walee
Mvlew santi kow nan bram
Mvlew mete menw nan pam
Msonje lavi’n , bel moman nou pase men domaj ke w pa bo kote mwen
Mvle santi kow nan bram
Mvlew mete menw nan pam
Se konsa m sonje tou kem koupab kew ale

Refrain

Je me souviens de tout
La première fois où je t’ai vu
Du premier au dernier mot je l’avoue
Je me souviens de tout
De tout nos moments passés
Et C’est bien ça mon problème
Je me souviens , je m’en souviens trop bien

Outro

Tre souvan kem bat fo
Msantim pa gen fos epim pran tranble
Dlo pa sispan koule nan je mwen
M’Pa gen anvi viv anko
Mwe imaj ou k prale
Ou devan jem menm paka touchew
Mtandew vwaw kap pale kem kap racher telmanm sonjew


[LYRICS] FANM – ATIS METEYER [@Atismeteyer1 @blancjeff]

$
0
0
Gen mounn ki pran plezi di fanm se malediksyon
Paske Ev se premye mounn Ki te pran nan tantatsyon
Satan sèvi ak fanm poul te ka twonpe Samson
Pou rezon sa gen mounn ki di eske fanm se malediksyon
moun kap di sa yo dan le bliye. Si se fanm ki fèn briye.
Yo ki siye jen lèn kriye. Ou wè fanm se lanmou li ye.
Fanm: se yo k brase lari.
Fanm: yo menm ki bay lavi.
Fanm : lanmou pou yo avi.
fanm:Nou mérite aplodi.
fanm: se yo k brase lari.
fanm: yo menm ki bay lavi.
fanm: lanmou pou yo avi fanm nou mérite aplodi yo.
Anpil lanmou pou yo. Yo mérite kado o.
Pouki w ap  pale yo mal youn baw manje Yon lot baw dlo.
bay yo menm valè kit yo isit ou lotbo dlo.
sa kap viv paris yo.
lè yo fè Yon bagay ki byen apresye yo pa ri yo.
sa kap viv o Mexique sa kap a rio.
Sa kap viv anndan Kay sa kap viv nan lari yo.
Ba yo menn valè yo. Anpil lanmou pou yo.
Fanm: se yo k brase lari yo. Fanm.
Yo menm ki bay lavi. Fanm: lanmou pou yo avi. (bis)
Pouki nap fe yo abi. Yo k anpeche rad Rabi.
Ou wè  Fanm yo se lavi. N’ dwe bayo lanmou avi.
Paske fanm se yo kinan mwen.
Fanm yo menm ki San mwem.
Fanm yo menm ki tan mwen.
Yo men ban mwen fannm.
Yo menm ki maman mwen.
Bondye pran tout tanl poul kreye men nen yo 2 sen yo.
Atis ki gen talan pran tan Nan fe desen yo.
Se nou menm gason ki pou ede yo konstwi desten yo.
Ann fon ti tan silans pou tout fanm ki gentan defen yo hmmm. ( tout sak gentan ale yo).  Bis.
Anpil lanmou pou yo.
se yok  brase lari.
Yo menm ki bay lavi.
M pa we pouki nap bat yo.
Sou lanmè lavi a yo se bato(nou).
Fanm yo se kado. Nou dwe leve yo wo.
Yo se sous enpirasyon mw.
L’air respirasyon mw.
Dat ekspirasyon mw.
Sous motivasyon.
Se yo ki bay lavi lanmou pou yo avi.
fanm.  Fanm . Famm pwoteje yo.

Kenbe La – @KowKow305 [Lyrics]

$
0
0


KOWKOW – KENBE LA ___ LYRICS
Intro: Nap KOWKOW NAN TET YO
( oh yeahhhh )
Tonbe nan tou a, yo tonbe nan tou a
Tonbe nan tou a, yo tonbe nan tou a
( yo pral Di Se pa Mwen wi )
HOOK
Yo di yap bloke m
m di yo kenbe la ( Whoop, whoop )
yo di yap bloke m
di yo kenbe la ( di yo kenbe la )/( lets go )/( skirrrrt )
Yo di yap bloke m
m di yo kenbe la ( oh yeah )/( whoop whoop )
yo di yap bloke m
di yo kenbe la ( di yo, di yo)
tonbe nan tou a ( whooooop )
yo tonbe nan tou a ( heyyy )
tonbe nan tou a
yoyo yo tonbe nan tou a ( whoop whooop whoop )___( bis )
-Ou paka bloke mwen non
ou pa anyen so pa fose tet ou ( pa fose tet ou )
ou konnen m chaje talan,
and you know, and you knowwwww ( you know it, whoooo )
pa bezwen fose pou m bel
depi m on kote k te led li re bel ( you know it )
‪#‎BOTELAVI‬ mwen rele
m chanje flow le m vle pou m ogmante level ( lets go, whooo )
vibe mwen son balon, si w vle w met mate li
( mate li )
style mwen an chanje, kounya flow m ateri
( men flow m ateri )
kounya mwen ap fe hit nan radio ( map fe hit,
map fe hit )
kounya map naje sou do
( naje, naje map fe hit )
tout sa k pat kwe nan mwen
, (whoop )
kounya se yo ki kwe nan mwen
(whoop)
kounya fe diskisyon di jan mwen fo
( no, no, no )
( oh yeah )
mwen tankon melodi danble ( oh yeah )
depi m son beat fo w fredone ( fredone nigga )/(Toby my nigga)
style la chanje pote vibe
( mister vibe Sou vibe )
depi m paret tout moun vibe
fe diskisyon di jan mwen fò >>> ( oh yeah )
nan tout barber shop ou pase
kounya se de mwen yap pale ( yap pale yap pale )
hmm hmmm hmmmm hmm hmm hmmm Hmm
( YO PAKA BLOKE W )
hmm hmmm hmmmm hmm hmm hmmm Hmm
( ALE DI YO YO PAKA BLOKE W )
hmm hmmm hmmmm hmm hmm hmmm Hmm
( YO PAKA BLOKEW )
hmmm hmm hmm
( M RELE W BOTE LAVI )
mwen we jalouzi vle manje yo (whooooooo )
yo plenyen pou jouk dlo sot nan je yo ( oh yeah oh yeah )
tout sa ki kwe nan mwen kounya
leve 2 men n anle kounya ( whoop )
fe yo we jan nap paseeeeee
( lets go )
HOOK
Yo di yap bloke m
m di yo kenbe la ( Whoop, whoop )
yo di yap bloke m
di yo kenbe la ( di yo kenbe la )/( lets go )/( skirrrrt )
Yo di yap bloke m
m di yo kenbe la ( oh yeah )/( whoop whoop )
yo di yap bloke m
di yo kenbe la ( di yo, di yo)
tonbe nan tou a ( whooooop )
yo tonbe nan tou a ( heyyy )
tonbe nan tou a
yoyo yo tonbe nan tou a ( whoop whooop whoop )___( bis )
– Yo di m pap blow up
di yo sa map fe la
yo di m pap pase
di yo sa map fe la ( oh yeah )
‪#‎YOPRALDISEPAMWEN‬
di yo sa map fe la
Slogan m pran lari
di yo sa map fe la ( whooo_ )
sa map fe la, sa map fe la, sa map fe la?
( sa map fe la )
sa map fe la, sa map fe la, sa map fe la?
( epa pase map pase la )
sa map fe la, sa map fe la, sa map fe la?
( map byen pase )
sa map fe la, sa map fe la, sa map fe la?….

© copyright 2016 _ KOWKOW – KENBE LA lyrics
‪#‎TrillionRecordz‬

[Lyrics] M’PA VLE MO – GETHCE FEAT BENEX @gtcpierre

$
0
0
Pawòl M’PA VLE MO De Gethcé
Se Gethcé M’pa vle mo M’pa vle mo Kap SOULEM😪
 Gtc tout tan jem👀kale m’pap bwè dlo’ k pou NWAYEM🏊🏿
               1vès
Siw te konn Chita
anba bouch granni Ooh🤔Li ta diw
Prese vit fè saw gen pou fè a 🏃🏿
Jou malèw la 📿Wanga🔮 pap sèviw
Cherie Li tro ta grenn Kalman sa Jodia pap mache non
Tout pawöl ou yo Se pwazon
Pa dim kilès ki pa Bon
Vespucci  gen 3 jou lakay la
Kòm  kouzen ou
Lèm m’panse ou sou Kabann jeremi
Poutan’w gentan Kafou
👉🏿2 jwe👀 kwAze😳 manti Kaba
pap gen yon löt fwa non
      Kè
Non pa vin dim sorry
NON M’PA VLE MO
Non m’pa vle dezole
NON M’PA VLE MO
Tout pawòl kap woule tetem yo
M’PA VLE YO
Cherie m’kont  ou met ale
NON M’PA VLE MO(Bis)
           2vers

✋🏾Pa banm 10Mil rezon ankò

Pou dim padon🙏🏿men w pa antò
Chak fwa mwen padonew
Ou pran pleziw pou rekomanse
Pasyans mwen limite mwen gen feblès tou m’pa BONDYE👑
M’t konn baw  Plis LOVA 3 fwa pa jou
M’envesti LAVI’M e menm LAJANM  tou
M’t konn baw Plis LOVA 3 fwa pa JOU
M’envesti LAVI’M  menm LAJANM TOU
Lèw gen FANM kap trip SOU OU
Se ou menm ki dènye KONNEN
Pa Kouri fè Bri ak VWAZEN
Se ou’ pral WONT tankou CHEN
Dil  ALEee..!
         Kè- Gtc E Samantha CHRIST back ground VOKAL
Non pa vin dim sorry
NON M’PA VLE MO
Non m’pa vle dezole
NON M’PA VLE MO
Tout pawòl kap woule tetem yo
M’PA VLE YO
Cherie m’kont  ou met ale
NON M’PA VLE MO (Bis)
     Rap Benex
3-vès RAP
– BENEX
Ou fou pou kouzenw, Ou sou kou m’sou menm
,chak lèm vinn sou sijè  sa avèw ou dim — “ou Toujou sou ZEN”
Mind mwen Fèt  sou macadam Si’w  panse PRITA LI, Detwonpew
 M’gen Pou’m BLIYEW menm Jan  mond lan bliye KIDALI
Se pa FÒT ou ,ou DEZOLE
se k tröp KOU se ka on lot TOU kem sou lock pou’m DEKOLE
 tan’m pran nan TALK ou mvle VOLE
Mpat kwel tap sevim RIVAL
KOU a a vrai  dire li  GRAV
menw pa bezwen banm mot de passe  ORAL  Koz  love sa pedi SiNYAL
Rasurew que AK  ou assignew
so aprann ASSUME s’yon  masuife
tan poum SEXFRIEND ou  m’pito MASTURBE
Kounyea ou LIB pou fè saw VLE
 ou met taye BANDAW
Se Mwen’k tal pèdi je crois en DYE’M m’tal antre ANBAW
    Refren
Non pa vin dim sorry
NON M’PA VLE MO
Non m’pa vle dezole
NON M’PA VLE MO
Tout pawòl kap woule tetem yo
M’PA VLE YO
Cherie m’kont  ou met ale
NON M’PA VLE MO (Bis)

Fè Bri Feat Azee – K-Libr @klibrmystik [Lyrics]

$
0
0

FÈ BRI ft Azee

Verse I

La force est calme (ok mdakò) sèlman devan feblès.
Pou tòti bat nan kous se lèl pwan devan se pa vitès.
Viktim ka otan koupab (lèl fè silans) ke moun kap fèl mal la.
Lè enmiw diw depoze zam se poul rechaje pal la.

Les premiers seront les derniers (sèlman nan rèv) si wap li alanvè
Se efò yap diw pouw pa fè, ret pòv onon de jezi.
Si se konsa se tout moun rich ki pwal nan lanfè
E si ta gen on paradi pou sèlman moun ki pòv yo mtap sezi.

Lèm rive yon kote mwen wè se sou 2 pye tout moun
Ap danse depim piti paranm dim danse youn.
Rezilta sè ke m kase danm a fòs kem plede tonbe.
Silans ka konn pale men se pa tout zòrèy kap tande.

Yo diw “garder le silence l’eternel combattera pour vous”
Men mpa wè kot konba ye laa, lè yo fin bat ou kou tanbou

Sispann soufri an silans
Se lè poun ouvri gòj nou
Pa ka se nou ki nan kwizin nan epi se nou tou, kap mouri grangou.

Hook
Pa poze w
Si non yap toujou metew sou kote
Ou supoze ouvri jew
Siw pa oze mande koze
Sonw ti jwèt pike kole
Siw pa vle pete tole
Yap tou bliyew
Siw pa ta vle sa rive, ouvè bouch ou fè bri.

Verse II (ecrit par Azee)

Bat kòw bat kòw
Si wap chèche fòw Bat kòw
Lavi paw se li k sak paw
Sa k Nan vant ou se sa k paw

E pèsonn pap Edew plen li
Menm si yo tandew kap plenn wi
Se sa k rivew lew pa gon Peni
Ou tankou yon gason k pagen peni

Kounya pran laria fè bri
pou yo kapab tande vwaw
Komanse travay di
Anvanw pansew ka reklame paw

Tout moun kanba se moun kap di
Pèsonn Pa janm lonje bayo
Donk pa kite pèsonn fèw konprann kew paka gon tranch
Ke se ti gato pa yo.

Man, Fè afòw
Fyè ak pòw
Tèt wo si se fè a k lòw
Tout moun paka frè ak sòw
Reflechi avan w fè aksyonw

Koz pèsonn pap la lèw pini
Men se le kontrè lèw beni
Fòw veye tout sa kap vini
Bay sanw pa menm konn sa kap vini

Vanse sanw pa nan gad dèyè
Menm pou fanm anfòm ak bèl dèyè
Konn sak fòw tonbe pouw pa tounen dèyè.
Kwèw ka fè maji ,devan tounen dèyè

Kounya pran laria fè bri
Pou yo kapab tande vwaw
Ni pa kite pèsonn panse Ke yo taka fèw vin chanje chwaw.

Verse III

Nou fè bri nan kanaval nan match foutbòl
Poutan bouch plen dlo lè yap boukanenn
Lè yo fin fè nou mal yo fèn bwè grenn pe djòl
Dimanch n ale legliz nan pye bondye nal bougonnen

Fè lach hen hen!!! wap gentan konnen
Yap fin achte fòs ou gratis e yap fèw ba yo monnen

Plenn na kè hm hm!!! wap toujou ret nan kwen
Lèw pwal chache tèt ou se nan magazen ou pwal promennen

[Lyrics] Soukote – KLIBR’ ft PIC @klibrmystic @pic257

$
0
0

Intro.
Click click yo. Yow Hype…
Ou wè ak son saa, wap eseye resisite K-libr ki te jèn nan,
On K-libr ki pot konpwann ke poul konpwann fòl oase sou kote…
Sou kote (…)

Verse 1
Mpat kwè poum wè klè nan peyim fòm te rete atè. Non pa nan refleksyon nan Bel ide kdeja nan simityè.
Men se tankouw simityè pou wèl fòw pase rapyetè. Pouw wè sak fè raketè fè siksè pase yon direktè.

Paske mte kwè nan progrè bonè pwan li kèk otè.
Chache rekòlte onè panse m Te gonw bèl wotè.
Pou sosyete a pa pwanm pou “rebu”mchante im lè
M a letranje mdefann patri m san lame kou Imler.

Mpat janm wè nan ti Jacques sovè jan l te parét pèdi.
Nèg ki sòt nan klas la se lik reyisi se sa yo tout pè di.
Mpa janm kwè nan fòs pawòl janm wè sa ou di e rive w.
Janm wè yo bann kòm entelektyèl Roody Herrivaux.

Pat kwè yo tap fè show pou bay vòlè grammy award
Alo le polis pa fèt pou nèg alèz stil Jacques Edouard.

Mpat konnen pouw konpwann fòm pèdi konpwann ak konsyans konsiderasyon pou konpetans.
konesans rete san konsekans konviksyon pèdi tout konsistans
Kouw pwan konsyans.

Hook.
Visye tankou yon sèk yo trase ki pa gen kote
Men jan on labouyi cho fòk ou pwanl sou kote.
Pou konpwann Ayiti a fòk ou ta pase sou kote
Fòk ta konpwann moun sa yo yo mete sou kote
Sou kote(…)
San konte, pouw pase, yo k pa konte, yo konte…

Verse 2.

Mpat kwè chen te ka pwan trenen devan pòt kay tayè, dayè,
Nèg ki a lè jodi a se yok te anreta yè.
Mpat kwè demokrasi te vle di monte sou ring
Atis ak entelektyèl kou ti joseph tounen agent marketing.

Mpat kwè nan periòd sechrès lavalas tap ka desann.
Menm jan mpat kwè mte ka vin prezidan lè pantalonm desann.
Ki moral ou pwal preche 7 pitit on machann pistach
Pandanl konpwann ke se sou rad blan k’ gen plis tach.

Politik Ayiti sonw gato kpap pa gatow konsa tou lpap fèw kado kap fèn montonw syèl pa do, Don nan tonbe nan dlo kounyal se dread kato.
Si jèn yo te konn sa rap te ye lontan.
Konba nte konn mennen e koun te konn pwan.
Yo tap sispann fè pedan derespekte pi gran koz san pwan tan yo fonw hit detanzantan.

Mpa bay èd a sa kap rape kpa pe k pi nyè
Nan men Èd mpwan dalyriks poum bay jarèt pou pepinyè.
Nan nouvèl jenerasyon an mchache anpil epi I see.
On pakèt bon grenn kem bay yo eritaj la ak PIC.

[PIC]

Mpat kwè….. poum al devan fòm ta bay deyem
Mwen te plis kwè fòm ta bat dèyèm
M’te deja konnen sim mache à reculons menm talon pyem ka dil pat dèyèm
Detache mwen de mizik se mete stati libète nan kaj
Mwen son chantè ki renmen anime, pandan kèk animatè renmen fè chantaj
Depiw pa sede lè yap woule’w yo pap woulew lew pote CD
Yap vann dow lèw malere, achte figiw lèkew posede
Plede mete talan sou koute
E se lajan yo sou bwote
Ou ka fè viw ap lèd pou fanm toutotan wap chwazi yo sou bote
If u suck it swallow,m salyow nan still khalifa baby
Yon vwayou gen flow mystic yo dim gen kalibr fababy
Yo te dim te ka pa fè bri
Pandanm di mte ka pa febli
Mixtape lan mte bay gratis pou album nan mpaka pa fè pri (pa de piyay)
Poum jwenn meday fom mete may pou videom pasem nan chèn nan
Prizonye mizikal poum te Ka libr mwen fè anchènman (click click)
Wonn pa gen kote sou kote pouw teke pouw evite mò
Met defow sou kote ret sou kote tout sak anvi tenò

Outro.
Yow Fred ou pa ta fè sa man! Ou anrejistrem pandan map reflechi byen fò, epi PIC parèt li kraze baay la nèt.
(PIC) mè iii K-libr on baay konsa…
Pouw konpwann mizik sa fòk ou pase sou kote.
Refleksyon sou Ayiti pa nan men Karl Marx Lenine ak Emile Durkeim.
Konpwann bwat leta yo se pa eta yo, se anplwaye sou kote kap bay sèvis

[LYRICS] I’M DOING FINE – JBEATZ

$
0
0

[Intro]
I’m doing fine
Yeah, J­Beatz
Mizik sa se pou ex mwen
[Verse 1]
Ale w te ale a ou panse lavi m tap pran fen
M pa kache di w se pi bon byen w te fè pou mwen
M te bay tout fòs mwen nanm mwen ak tout sa m genyen
But that’s ok tout bagay pase pou on rezon
Mwen twouve yon fanm vanyan
Fò w ta wè jan kè m kontan
My life kounya son istwa
Mwen pa janm renmen konsa
Li trete m tankou yon wa
Mwen souri pi souvan now
Pitit pam wa di se pa l
Tout lajounen se lajwa
I’m doing fine, oh
Oh oh oh oh
This one is for my exes
[Verse 2]
Ale w te ale a ou te panse m te fin renmen
Sa te fè m mal pou jan w te lage m sou chimen
Fò w ta wè kijan Bondye voye on zanj pou mwen
Kounya m gen
[Pre­Chorus]
I’m doing fine
Oh oh, oh oh
I am doing fine fine fine
Si ex mwen mande pou mwen wa di l – I’m doing fine
Ansyen mennaj mwen mande pou mwen wa di l – I’m doing fine
E si lòt ex la mande pou mwen wa di l – I’m doing fine
Si ansyen madanm mwen mande pou mwen wa di l – I’m doing fine
I’m fine
[Guitar]
Oh oh, oh oh
I am doing fine fine fine
[Keyboard]
Men gouyad
Oh oh oh oh oh oh
Sa te pran yon long time but now I’m doing fine
Tweet
[Keyboard]
Men men men gouyad
I’m doing fine

[LYRICS] KARESEM LA – ROODY ROODBOY [@RoodyRoodBoy]

$
0
0

[Verse 1]
Mwen fatige, tande w nan telefòn sèlman
Mwen fatige admire w nan foto sèlman
Ti souri ou manke m, ti gou bouch ou manke m
M anvi wè w m anvi pi prè w, chalè kò ou manke mwen
[Bridge]
Mwen pa ka tann ou vini jwenn mwen pou nou fè lanmou
Tweet
(Vin jwenn mwen baby)
Kole sou ou jouktan l fè jou
[Chorus]
Cheri – karese m la
Pase men w sou kò mwen – dòlote m la
Met bouch ou nan bouch mwen –miyonen m la
Chouchoute m la, kajole m la
Baby – karese m la
Pase men w sou kò mwen – dòlote m la
Met bouch ou nan bouch mwen –miyonen m la
[Verse 2]
M pa kwè m ap janm ka fè l avèk on lòt paske ou gate m
M renmen lè w fè m rete anba ou menm w ap mate m
W ap gade m, w ap di m cheri please tape m
W ap mete lang ou nan bouch mwen, jwe ak krache m
M renmen kenbe de bò dèyè w pou m ap pran pwa jan l fat la
M renmen lè w fatige pou w ap di m please ban m back shot la
Ou konn tout pwen sansib mwen mwen konn tout pwen sansib ou
Ou renmen alsiyis mwen, mwen renmen alsiyis ou
[Keyboard]
Cheri pipi kenbe m
[Hook]
Jan w dòlote mwen – pa gen moun sou tè sa ki fè l menm jan avè w
Jan w chouchoute mwen – pa gen moun sou tè sa ki fè l menm jan avè w
Jan w miyonen mwen – pa gen moun sou tè sa ki fè l menm jan avè w
Jan w kajole mwen – pa gen moun sou tè sa ki fè l menm jan avè w
[Keyboard]
Cheri pipi kenbe m


[LYRICS] MAD-S • Kraze Kay La (KKL) @MADSHAITI

$
0
0

[HOOK]
Daglea Radikal ki nan kay la tout men ina the air
Roodboy baggial tout men ina the air
Depi se mwen k’monte sou beat la l’ pa ka pa byen abiye
N’vin kraze kay la nou vin kraze kay la
Blow blow, se MAD-S ki la wi [wi ]
Leve 2 men n’anlè pou nou jwi lavi
Blow blow, nou vin kraze kay la lalalalalalalala…
(Verse 1): Li pa tap janm lòt jan se Daglea Radikal
Ki vin manje beat sa tikal pa tikal
Voye jew nan club la wap wèl plen Nasty gial
E tout moun ap chante wa di se lasigal
Move to the right move to the left
Depi’w pa fe kòw rèd ou pap pa jwenn on meuf
Gyal shake your ass nap fè bagay nèf
Cheri pa gen pale anpil fè vit ann fè sa brèf brèf brèf brèf
Premye fwa m’jwenn on vybe ki mache konsa
Se MAD-S ak FRED HYPE ki mate son sa
Tout moun ki la leve 2 men n’ anlè leve vwa nou wo edem chante…
[HOOK]…
(Verse 2):
Vin boule strès
Vin defoulew bliye tristès
Boule tout frustration kou asetòn boule kitèks
Leve men’n anlè, bliye tout vye kalamite yo
Mkonnen’n gen pwoblèm men mizik sa pa ka kite yo (what)
Se fèmen je’w louvri kèw
Etèn tout limyè kounya gen plas pou brikèw
Dj, se degajew met bas sou twitèw
Mizik sa tèlman hot ou pa ka jwe l’ ba sou speacker w (boss)
Jwi laviw jwi laviw
Jwi laviw tout tan ou kapab fòk ou jwi laviw
Pa kite move moman ak moun ki rayi’w
Oze vin fèw pèdi gou lavi’w fòk ou jwi laviw (an)
Lavi son boul kap woule
Ki chaje sipriz zanmi tonnè boule
Pandan nap pop bottle, depanse lado,
Leve vwa nou wo edem chante.
[HOOK]…
(Bridge):Sou mizik mete tèt nou ansanm leve vwa nou wo edem chante: wololoy
Si nou santi son sa mache nan san’n leve vwa nou wo ede’m chante: wololoy
Si nap byen pase nan fè nwa nap kase leve vwa’n edem chante: Wololoy
Si nap boule fèy, nap koule boutèy we get hight fem santi nou ajiteeeeee
Leve men nou,leve men nou,leve men nou,leve, leve men nou, leve chante,fèm tande n di :Blow
Leve men nou,leve men nou,leve men nou, leve, leve men nou edem chante, fèm tande n di :
(Eye…Eye)[2]
Go M.A.D go M.A.D go… Go M.A.D go M.A.D go
[HOOK]….
(Outro):
Ouuuu haha (Mad-S) pagen manti menm bro (laria chooo), mezanmi eee, gad on vybe, H3I baby, ah ah
Thats what’s up bro…(nou kraze kay la mesye?) plat (oh my God) CHEF STANLEY I see you my nigga ah ah…(rete gade yo gaye chevem wi)
(Prod by Fred HYPE)

[LYRICS] HIGHER (BYEN JWENN) – PIC [@PIC257 @FREDHYPE]

$
0
0

HIP HOP HIP HOP
HIP HOP HIP HOP
HIP HOP HIP HOP IS ON FIRE
HIP HOP HIP HOP
HIP HOP HIP HOP
HIP HOP HIP HOP PIC IS HIGHER
YO HYPE….AH AH AH AHits the P to the I to the C nigg’

(Verse 1)
Tounen nan booth tankou lanmò se poum ka diw son pasaj oblije
Lyrik yo pa swa,tout mc tèt chadèk yo prije
Pa bezwen chematize ni twomatize pou yo pigé
Ni mpa bzwen mil lèt pou montre milèt linèt pap ka vo pri je
(Men poukiw repran mic PIC?)
Bon lank plim nan poko finiM vin defini, BOUT RAP RÈD pou sak potko feel li
Mte vini voye à la ligne e avili sak potko fini
Mte mache ak yon chèz ni ak yon ban pou sak potko vini
(Mpa vin pran plas pèsòn)
Map big up Tonymix kap fè slogan an mache
M reziyem nan ti brete pou mizik mwen sou gran mache
Siw bon fache, vas chier vache chetif pa koute chè apre pòte
Ap repòte ekwèm te…
Rekòm te seme map rekolte
Lekòl te aprann mwem ekri e lèm ap ekri son lekòl
Lem ap tandem li banm efè yon malfektè kap sonde kòl
Fizim mwen chanje epòlMpa chanje sezon m chanje pôle
Mpa konfonn vitès ak presipitasyon lèm sonje Paul (WALKER)

(HOOK)
Depim la konnenw byen jwenn memsi’n poko ka kontre
Lyric poko ka konte banm beat ki poko ka donte
Fan yo poko kontantem’son oeuvre ki poko kontanple
W’poko tante men wap wè valè’m.memsiw poko konn konte
Paske se….BOW! Level mwen get higher
Focus sou karyèm menm lè tèt mwen higher
BOWHIPHOP is on fire
Dayèm monte level sa son new PIC parapò a yè

(Verse 2)
Poussez-vous que je m’installe, relem application
Ou ka pi mal ke mwen men ke mwen ou paka pi gason
Lyric rock, woule nan tout block, se pa lapidasyon
M’fon hiphop tsunami e dèyè’m gon lapli gason
Lapli pa son, bay animasyon
M’bay defi’k ka nwi gason
Ekri yon album anba dlo mpa batrasyen mpa ni pwason
Mpat konn reponn bonjou yo dim fow pa rasis PIC
Map big up Mechans-T tou poum dil mfon Rap parasismik
J’niquais le beef depi lèm pat site nan okenn zòn
Yon mixtape 25 tracks sanm pa site non pèsòn
Pyès tòn pap ka kraze balansMkonn pwa mo yo m’paka balans
Fèk fon move chwa nan viw si janm mate a ou pat fon K-dans
Tèt kwòt pa gen foli blo se pa pè’l pè sechwa
Sim pa tagèt pesòn se pa pè mpè pèseswa
Lyric yo pèse swa, se kouto nan bè
Dayèm pa pè okenn KA devan yon lòt KA oubyen yon lanbè!

(HOOK)

Ah ah ah ahMenm ekip la menm MC a
HIP HOP HIP HOP
HIP HOP HIP HOP
HIP HOP HIP HOP IS ON FIRE
HIP HOP HIP HOP
HIP HOP HIP HOP
HIP HOP HIP HOP PIC IS HIGHER

Yes, LÈM AP EKRI…album nan!

(HOOK)

[LYRICS] VAKANS SA – BELO feat MELO [@AtisBelo]

$
0
0

Mwen vle ouvè je’m
Men m’pa vle leve
San ou bò kote’m
M’poko vlew ale
Li twò bonè
Pou nou separe
Sa’k fè’m pi pè
Se pou’w ta bliye

Reyon solèy la
Nan syèl la
Avèk nou k’ap briye
Nan dlo rivyè a
Lanmè a
Sou po nou ki plonje
Nanw vag lanmou
Ki vin pote’n ale
Chak tan’l fè jou
Pou jouk solèy kouche
M’pa vle’w bliye vakans sa
Vakans sa vakans sa
M’pa vle bliye vakans sa
Vakans sa

A pèn kòmanse
Vakans nou gentan fini
M’fèk ap pwofite
Men se domaj, jou kouri
L’gentan fè lè
Pou nou separe
Lekòl ouvè
Men’m pa vle’w bliye

Reyon solèy la
Nan syèl la
Avèk nou k’ap briye
Nan dlo rivyè a
Lanmè a
Sou po nou ki plonje
Nanw vag lanmou
Ki vin pote’n ale
Chak tan’l fè jou
Pou jouk solèy kouche
M’pa vle’w bliye vakans sa
Vakans sa vakans sa
M’pa vle bliye vakans sa
Vakans sa

M’pa vle’w bliye
Jan’n te konn jwe
Marèl, domino
Kat, oslè, kòd, lago
Mwen vle’w sonje
Jan’n te konn ye
Lè’n t’ap chante
Lè’n t’ap danse

Sou reyon solèy la
Nan syèl la
Avèk nou k’ap briye
Nan dlo rivyè a
Lanmè a
Sou po nou ki plonje
Nanw vag lanmou
Ki vin pote’n ale
Chak tan’l fè jou
Pou jouk solèy kouche
M’pa vle’w bliye vakans sa
Vakans sa vakans sa
M’pa vle bliye vakans sa
Vakans sa

Mwen vle ouvè je’m
Men m’pa vle leve
San ou bò kote’m

[Lyrics] Mesi Blan – MasterBrain

$
0
0

[Verse 1]
Lè yo met ti sik sou poupou a pou ba’l gou dous
Nou manje l’ cuz li gen gou diri madan gougous
Lè yo met mistolin nan dlo rigòl la pou sous
San bouche nen nou bwè’l nou di thank you nou ba yo bout pous

Men g’on bagay m’ wè nou pa konstate
Ki se richès peyi a ke yo fin bote san papye
Menm mwen kap pot mesaj saa pou nou
Trust me m’ pa konn sa’l ye
Men pouki lè fo touris yo antre yo pa janm ale?

Yo voye zam pou’n fè gè
Pou yo ka vin met lapè
Pa wè s’on fason pou antre nan peyi’m san frape
Nou chita la nou pa care, St Thomas pa wè’l pa kwè
Pandan bouboune peyi a fini nan bay chak moun f’on tape

Yo jwe nan mind nou, vin lakay nou, pran bagay nou
Kraze zantray nou, pran min lò ki nan fatra nou
Pran pòz y’ap bay èd men s’on sistèm pou’n mande k’ kreye
Jiskaprezan yo a Bondye k’ konn sa 12 janvye te ye

(REFREN)
Pou touris ki pa janm ale yo m’ di w
Mèsi Blan
Pou Pitit pèp la’w kondane yo m’ di w
Mèsi Blan
Pou chèf leta m’ ou egare yo m’ di w
Mèsi Blan
Pou pwòp zafè’m wap fè’m kado yo m’ di w
Mèsi Blan
Pou touris ki pa janm ale yo m’ di w
Mèsi Blan
Pou Pitit pèp la’ w kondane yo m’ di w
Mèsi Blan
Talè pou w pa vin joure’m engra m’ di w
Mèsi Blan
Si nou konprann sa map pale yo di
Mèsi Blan

 

[Verse 2]

Kounya a n’ap di sa ti nèg saa gen la a?
Sa l’ap rakonte la a?

Oh! Misye fou?
Nan ki dosye l’ap antre la a?
Map antre nan sa’k gade’m
Map montre jan sa fwase m
Antre nan manman blan kap di
Map boule nan sak pase m

Non! Se pa nou tout wap ka vin bay pil BS
Anba 2 baton dola goud la ap f’on pil ti S
Yo fin pèdi Ayiti, y’ap chèche l’ a GPS
Lè yo jwenn li yo anchene l’

Pou’m pe yo banm TPS

Peyi’m te dou k’on mouton

Yo met baka nan paradi an
Yo konnen’ n nan grangou

Yo met kaka nan salami an
Tout St Domingue te pou nou

Kounya a nap kriye pou mwatye
Nou pat vle lib

Nou pat vle Jean
Nou touye Jacques

Yo ba n’ Matye

Kounya a nap di m’ fou
Blan yo pap konprann sa l’ap di a
Ou tap ri m’ tande mazora e la’ w pa fò a
Gen moun se kreyòl li pale
San ayisyen pa nan san l’
Siw pa konn kiyès blan yo ye
Lè’w ayisyen wa konprann

[REFREN]

(Outro)
Si m’ pat ayisyen m’ pa tap byen
Si m’ pat ayisyen m’ pa tap mwen
Si m’ pat ayisyen m’ pa tap BRAiN
But guess what? Nan moman saa
Si m’ pat ayisyen now m’ tap lwen
Lè w ayisyen wa konprann ou menm
Wap konprann kiyès ki blan yo
Wap konprann se ou, se li, se mwen, se yo
Tout moun yo kondane yo (Yeah)

Ti nèg kap trayi nèg yo, Mèsi Blan
Sè kap goumen ak sè yo, Mèsi Blan
Wap jete fatra nan lari a m’ di w, Mèsi Blan
Wap kraze Ayiti map di w, Mèsi Blan
Prolonje kontra MINISTAH yo, Mèsi Blan
Voye zam pou m’ goumen ak frè’m yo, Mèsi Blan

Kraze eleksyon m’ diw, Mèsi Blan
m’ wè’w andeeeeeeeeeee (Wouywouyyy)

[REFREN]

Lyrics/Pawol: MasterBRAIN
Music: Power Surge

Nou Lage Bra Pandye [Lyrics] – Vwadezil [K17]

$
0
0

Nou lage BRa pandye

M`renmen wont mwen pa vle tonbe nan deran
Men,m`pap bay karakte mwen pou kaka aran

Yon rega patikilye
Fe`m we tout magouye g`on pati ki lye
Yo depoze ora
Yo pran iminite pou yo fe kaa

Depi lo a nou lage bra pandye
Pedi bann ak yon paket grenadye
Sak te ka bannou yon pye devan
Nou voye y`ale 2 pye devan

n`lage peyi`n nan men volo
volo kase bra nou
volo lage nou nan goumen
goumen kase bra nou
goumen lage nou nan mize
mize kase bra nou
mize lage nou nan panyol
panyol kase bra nou (bis)

leve vwa nou chante

Depi lo a nou lage bra pandye
Pedi bann ak paket grenadye
Sak te ka bannou yon pye devan
Nou voye y`ale 2 pye devan

Le peyi`w pa devlope
di`m kijan`w lage
Nou lage bra pandye
Le peyi`w pagen`w pye devan
di`m kijan`w lage m`mande
Nou lage bra pandye

Siklon lage nou
Bra pandye
Instabilite a kenbe nou
Bra pandye
Nou leve bwa nou anwo
Bra pandye
Nou adore imaj taye`n yo
Bra pandye
Dola a lage goud la
Bra pandye
Tet nou pati kite nou laa
Bra pandye
Nou kite peyi`n tankou ingra
Bra pandye
N`al kanpe kote vi a gra
Bra pandye

Mezanmi annavan
Pou nou gen pye devan
Si nou se ayisyen
Leve vwa`n pou`n leve bra nou

M`bezwen peyi`m g`on pye devan
Pou nou soti nan bra pandye

Sak pandye ?
Bra nou
sak panbye yo
Se Bra nou

Moun ki pran bwa yo koupe
Sa`k pandye yo se bwa nou
Devan tounen devan deye
sa`k pandye yo se bwa nou
Le lekol nou paka peye
sa`k pandye yo se bwa nou
prezan nou ret nan avanye
sa`k pandye yo se bwa nou (2 fwa)

M`bezwen peyi`m gen pye devan
Pou`m soti nan bra pandye

Le gen fon pagen ijans
Le gen ijans pagen fon fo`k ayiti reviv ?
Wi noud ako wi nou dako wi
Nou deside fe elev
Pou asire la relev pou ayiti reviv ?
Wi noud ako wi nou dako wi
Pou bagay yo ka mache
N`ap sispann boule mache pou ayiti reviv ?
Wi nou dako wi nou dako wi
Yon pwochen k`ap byen aji
Deye`l nou pap fe maji fo`k ayiti reviv ?
Wi noud ako wi nou dako wi
Sak pandye ?
Bra nou
sa`k koupe yo se
Bra nou

Moun ki pran bwa yo koupe
sa`k pandye yo se bwa nou
Le`w tande yo boule mache a
sa`k pandye yo se bwa nou
Moun kip a konn inpotans bwa
sa`k pandye yo se bwa nou
Le manman papa ap kriye
sa`k pandye yo se bwa nou (2 fwa)

Traka pou prezidan
Mize a kanpe dan
Politisyen ap fe pedan
M`santi`m ta di yo femen dan yo (bis)

Le gen fon pagen ijans
Le gen ijans pagen fon fo`k ayiti reviv ?
Wi noud ako wi nou dako
Nou deside fe elev
Pou asire la relev pou ayiti reviv ?
Wi noud ako wi nou dako
Pou bagay yo ka mache
N`ap sispann boule mache pou ayiti reviv ?
Wi noud ako wi nou dako
Yon pwochen k`ap byen aji
Deye`l nou pap fe maji fo`k ayiti reviv ?
Wi noud ako wi nou dako

Sasa fe ?
Trez
Sa nou di vwadezil ?
Tre byen (4fwa)

Eben fe yo we mayo yo
Di yo lari a trezokipe
Fe yo we mouchwa yo
Di yo beton an trezokipe
Fe yo we kepi yo
Di lari a trezokipe
Fe yo we 2 bra yo
Di yo beton an (trezokipe 9fwa)

Fe ba fiks monte (4fwa )
Fe bran ou ret anle

[Lyrics] TANN JOU PAW – BARIKAD CREW

$
0
0

[Intro – Fred Hype]
Tann!
Tann!
Tann jou pa w la
BC!
[CONDAGANA]
Foli pouvwa fè moun chanje, bliye pwomès yo te konn fè
(Yon bann san konsyans)
Foli boujwa fè moun panse pou l rich li dwe yon atoufè
(Yo pèdi bon sans)
Yon bout viza fè moun danse, ranpe devan anbasadè
(Sa se inyorans)
Foli sipèsta fè moun poste tout vye foto pou yo fè wè
(Sa se endesans)

[HOOK – KONDAGANA]
Fò w tann jou pa w
Tann jou pa w
M te tann jou pa m
Tann jou pa w

[BRITAL]
Gen yon jou pou w pran plezi
Gen yon jou pou w reflechi
Gen yon jou pou w soufri
Gen yon jou pou w rejwi
Gen yon jou ou ka pèdi
Gen yon jou pou w reyisi
Gen yon jou si w tonbe
Gen yon jou w ap leve

[IZOLAN]
Nan lavi pesòn moun pa gendwa dekouraje
Diyite n se fyète n, pinga nou jete l poutèt manje
Menm lè bagay yo pa bon pinga nou fè figi n fennen
Nou wè jodi n pa konn demen, nan figi nou se mete nen
Tankou mwen menm, te tann, m te tann jou pa m nan
Fò w tann fò w, fò w tann jou pa w la
Fò w tann, pran pasyans
Fò w tann, gen konfyans
W ap jwenn delivrans
[HOOK – CONDAGANA]
Fò w tann jou pa w
Tann jou pa w
M te tann jou pa m
Tann jou pa w

[BRITAL]
Gen yon jou pou w pran plezi
Gen yon jou pou w reflechi
Gen yon jou pou w soufri
Gen yon jou pou w rejwi
Gen yon jou ou ka pèdi
Gen yon jou pou w reyisi
Gen yon jou si w tonbe
Gen yon jou w ap leve

[BRICKS]
Sou wout ou ka bite, leve menm si w fatige
Pa rezon pou w mande kite se lè w ki poko rive
Paske pakou danje e mande anpil kalkil
M garanti w ou wè vi sa menm pou “Ti Cangé” l pa fasil
Viv an frè ak pwochen w, ret tann tou pa w
Se sa k fè m ap jwe kwen, m ap tann jou pa m
Ti cheri ouvè kalandriye w la prete mwen
Nan chache jou m ap pase, men si l mal tonbe m ap teke fren

[BRIDGE – FANTOM]
Si w tande yon bri k ap vini
Lè w gade ou se BC w ap santi tout san w tresayi
(Wap wè latè kap tranble mayo k ap leve)
Si ou wè yon foul k ap vini
K ap rele anmwe men BC
W ap anvi vin pran yon ti plezi
(W ap wè men yo ki leve moun yo k ap vole)

[CONDAGANA]
Ayisyen aprann renmen peyi n
Sispann pale li mal, pou lòt nasyon pa ri n
Fè l reviv!
Nan tèt ansanm n ap fè Ayiti reviv
Men nan la men n ap fè Ayiti reviv
Ak ledikasyon n ap fè Ayiti reviv
Ak lapwòpte n ap fè Ayiti reviv

[FANTOM]
BC dejwe m (anmwe kot BC ap jwe m prale)
BC varye m (anmwe kot BC ap ye la m ye)
BC trete m (anmwe chak ane li fè m danse)
Fè m wè men dwat anlè men goch anlè pran pozisyon pou nou rele
(Men Grandou a)
Barikad la
(Se nou ki wa)
Nan peyi sa
(Vire mouchwa)
Vire l konsa
(Souke tchatcha )
Mwen di se tcha
(Men grandou a)
Barikad la
(Se nou ki wa)
Nan peyi sa
(Vire mouchwa)
Vire ll konsa
(Souke tchatcha )
One more time!
BC dejwe m (anmwe kot BC ap jwe m prale)
BC varye m (anmwe kot BC ap ye la m ye)
BC trete m (anmwe chak ane li fè m danse)
Fè m wè men dwat anlè men goch anlè!
[2nd CHORUS]
Nou gen lontan n ap ret tann
(Yon jou delivrans)
Nou gen lontan n ap defann
(Fyète, endepandans)
Nou gen lontan nou depann
(De enkonpetans)
Jiskaprezan nou pa konprann
(Sa se inyorans)
Pou n chanje peyi nou, fò n pa kraze brize
Pou n ranje peyi nou, fo n alfabetize
Devlope peyi nou, montre n sivilize
Nou gen ti peyi nou, an nou voye l monte
[BRITAL BREAK]
Si w santi ou fyè, souke drapo
Si w santi chalè, retire mayo
BC mete w anlè, li fè w awoyo
Leve de men w anlè, pou w voye l monte pi wo

[BRITAL ANIMATION]
Kot sa l ye la ou pa ka tann nan
Mwen konnen ou pa pwatann nan
Pa kache anba kabann nan
Defoule w nan mitan bann nan
Pòtoprens lan pa savann nan
Pa vin fè gagann nan bann nan
Lè w kanpe nan mitan janm nan
Fò w ka rete kanpe djanm

[BRITAL BREAK+BRICKS]
Ooooo
(Wi pa gen prese tande
A prann ret tann tande
Tande waaaa
Tout moun se oh yeah (Oh yeah)
BC say oh yeah (Oh yeah)
Fè m tande n oh yeah (Oh yeah)
Tout moun se oh yeah!
Mwen te tann jou pa m (2x)
Ou menm tann jou pa w
Pa gen pou prese, se tann pou w ret tann
[3rd CHORUS]
Gade yo, mizè yo poukò yo
Gade yo, doulè yo poukò yo
[FANTOM+CHORUS] (2X)
Yo di T BC a geri malad
(Non se pa manti, se verite l geri malad)

[OUTRO]
Hey baby!
Tourne-toi et penche-toi
Ne vas pas trop vite!

[Lyrics] Jounal Katre (2 Ke) – Sweet-Micky

$
0
0

Kanaval 2017 la
Sweet Micky
N al pou 2
Ti Lili, sa Micky te fè w?
Anyen non
(E pou kisa w fache?)
Manyen l pa t manyen w sèlman
Manyen l pa t manye w
(Pouki w fache?)
Ti Lili, sa Micky te fè w?
Anyen non
(Fò w pa fache)
Manyen l pa t manyen w sèlman
Manyen l pa t manye w
Ha Sénateur Edo Zenny
Actuellement, sa l ap chèche?
Yon manyen nòmal
L pa janm twò ta non
Fèk debake, machandiz frajil
Yanni and Malaïka
Michel Martelly pa konn pèdi batay – jamè
Pitit Manman Mari pa konn pèdi batay – jamè
Sen Jozèf pa konn pèdi batay – jamè
Sen Michèk Akanj pa konn pèdi batay – jamè
E e e
Gade yo nan je
N ap fè yo grimas
Gade yo nan je
Alo la madam men jounal la – katrè
Fanatik Micky, prezidan n avè n – wi
Èske nou dakò pou mwen pale avè n – wi
Pa okipe moun k ape rablabla – wi
Èske n vle m pale? Pale
Mwen mèt pale? Pale
Ebyen m pral pale
Pale pale jan w vle
Pale pale mwen fè k ap pale
Pale pale jan w vle
Pèp Ayisyen pou nou m ap pale
Pale pale jan w vle
Pale pale
Big O Productions
Yo T-Micky, Dro my man
Fondation Rose et Blanc nou la wi
Ou chita w ap pale moun mal
Se sa w konn fè, se li k ba w manje
Se tout dwa m pou m pa okipe w
M ap travay pou peyi m mache
Dosye Ti Lili
Vizaj degèr m ap fè w dekale l
Grenadye – kale yo
Kale n ap kale
Konsa l ye, konsa l ye vre
Se istwa yon nèg ki rele Verna
K abite dezade avèk Mona
Yon jou maten Mona di ke l pa pral travay
Lèl rive nan kay sa li wè, sa li wè?
Ti Lili chita sou Bwa Verna
Diyosa
Monte desann sou Bwa Verna
(Monte monte monte glise desann)
Monte desann sou Bwa Verna
Mete boulèt mete l ankò
Monte desann sou Bwa Verna
Rale monte, glise desann
Monte desann sou Bwa Verna
Prezidan, ban m viaduc, twòp blokis sou Bwa Vèna
Sa la p mande? Ke ke
Kisa li vle? Ke ke
Li pasa pase on jounen san ke ke
Bwa Verna dous dous dous
Bwa Verna cho cho cho
Bwa Verna
Li pasa pase on jounen san
Konsa l ye, konsa l ye vre
Mwen te di nou sa – se vre
Mwen te fout di nou sa
Lè l fin jwe marèl men Ti Mona tounen on toutrèl
Nan pede woule woule woule woule 2 boul yo
Gade kijan Mona plase nan kay avèk Verna

Anmwey Ti Mona ap fè lasisin
Gad on lasisin
Yo bare l k ap fè m’as tu vu
M’as tu vu? Je t’ai vu
Ti Mona ap fè lasisin
Yo bare l k ap fè m’as tu vu
Loulou
Woy, woy woy woy woy
Katakata bowbow
Badi Kamall
Woy, woy woy woy woy
Katakata bowbow
Jojo Lorquet
Ti Mona ap fè lasisin
Yo bare l k ap fè m’as tu
Mache Ti Tony
Woy, woy woy woy woy
Katakata bowbow
Konsa l ye, konsa l ye vre
Se istwa yon nèg ki rele Verna
K abite dezade avèk Mona
Yon jou maten Mona di ke l pa pral travay
Lèl rive nan kay sa li wè, sa li wè?
Ti Lili chita sou Bwa Verna
Diyosa
Monte desann sou Bwa Verna
(Monte monte monte glise desann)
Monte desann sou Bwa Verna
(Mete boulèt mete l ankò)
Monte desann sou Bwa Verna
(Rale monte, glise desann)
Monte desann sou Bwa Verna
Sa la p mande? Ke ke
Kisa li vle? Ke ke
Li pasa pase on jounen san ke ke

Source:Wikimizik.com


[Lyrics] Ti Kriye Pou Kokoye – Djakout#1

$
0
0

Lè m rete m sonje kokoye m nan
Bèto pa vin pran pòz kriye w la. M te pale w. M te di w fè menm jan avè m. M rete kay manman m, m pa gen dwa depanse yon dola.
Ou menm tout pòch ou se kadna wi, tèlman w ping
Ping, sa w di la ? Gen pi ping pase w?
Wouy, wouy
Ranje kò w papa
Mesye, mesye, n pa bezwen goumen, se de frè nou ye
Oh oh apa son w sis kap mande on nèf kòman l fè kochi konsa ?
Ou fin kraze brize w
Pa vin pran pòz kriye w
Pran responsabilite w
Ou pa egare
Sou katye mòn kalvè mwen te konn yon epav yo rele Bèto
Li te gwo kokotye e tout pasyon l se te bwè dlo coco
Baryè l rete ouvè yon bon jou Vandredi, l soti nan tèt cho wo
Vagabon debake, grenpe pye kokoye, vòlè tout coco
Ti Bèto fache, fache – l rale manchèt li l koupe pye cocoye
Ti Bèto fache, fache – li fè kòlè, l abondone
L abandone (2x)
Ou fin kraze brize w
Pa vin pran pòz kriye w
Pran responsabilite w
Pa pran m pou enbesil
Se konsa nou ye
Nou menm gason se tankou nou deraye – konsa n ye
Nou menm gason nou toujou pran pòz kriye n – konsa n ye
Nou menm gason nou panse nou gen lespri – konsa n ye
Dèfwa nou sòt pase panyen pèsi
Si ou te bezwen pye bwa, ou pa t a fè l konsa
Gad eta w jodya
Ou fout regrèt ti rechinya
Bèto ti kriye (3x)
Sak te di w divòse
Sispann kriye pou kokoye (4x)
Se sa l ye – pa gen wout pa bwa
Sa w manje – se li w pral ahah
Ou manje zaboka – zaboka ou ahah
Ou manje papita – papita ou ahah
Ou fin voye ahah w Ti Bèto, ranmase ahah w
Ramase ahah w (4x)
Woy woy pwoblèm pap janm fini
Veye l oh (3x)
Bèto nan tout lari lap gripe pye kokoye
Veye l oh (3x)
Bèto gen nostaji
Si ou antre lakay ou, ou bare l nan jadin w
Sou tèt pye kokoye w, ou rale fistibal
Ou tire – baw li pa tonbe
Tire ankò – baw li pa tonbe
Tire pifò – baw li pa tonbe
Mete fistibal atè, leve de men anlè
Nou pral souke pye bwa pou n fout Bèto anba
Souke souke pye bwa a souke – Fout li anba
Souke souke pye bwa a souke – Bèto al anba
Souke souke pye bwa a souke – Fout kò w anba
Heyo heyo (4x)
Ayayay (7x)
Ayayayayay
Ann fon w lòt bagay
Ti Nato fin granmoun li ret kole kay manman l
Ti Nato – kite kay manman w (2x)
Ou pa vle chèche wout kay ou paske w pa vle depanse
Ou pa vle chèche wout kay monchè ou son w tchèlèlè
Tout moun fin konnen w
Ou pap kite kripya
Oh non
Anmwey
Se sa, se sa
Depi Djakout poko rive
Chanmas poko fete
Plenyen sou plenyen
Ay lè mwen rive sou chanmas la
M pa vle wè pèsòn ret bwa kwaze
Fè men yo fè kolizyon – pla
Tout moun fè men yo fè kolizyon – plah
M pa wè, fè men yo fè kolizyon
Tout fanatic Djakout – wey
Mwen vle wè chemiz, mayo kepi, mouchwa anlè
Lwa kanaval mwen monte m
Sa Djakout gen la (5x)
Way chen mòde m (4x)
Wouch manman, oh oh oh
Sa pou n fè nan peyi sa
Woyy woy
Oh Bondye papa, nou pa kapab
Fè lavi chè bese
Ban nou sekirite
Tanpri wa di yon mo
Si ou antre lakay ou, ou bare l nan jadin w
Sou tèt pye kokoye w, ou rale fistibal
Ou tire – baw li pa tonbe
Tire ankò – baw li pa tonbe
Tire pifò – baw li pa tonbe
Mete fistibal atè, leve de men anlè
Nou pral souke pye bwa pou n fout Bèto anba
Souke souke pye bwa a souke – Fout li anba
Souke souke pye bwa a souke – Bèto al anba
Souke souke pye bwa a souke – Fout kò w anba
Heyo heyo
Ayayay
Ayayayayay
Ann fon w lòt bagay
Ti Nato fin granmoun li ret kole kay manman l
Ti Nato – kite kay manman w
Ou pa vle chèche wout kay ou paske w pa vle depanse
Ou pa vle chèche wout kay monchè ou son w tchèlèlè
Tout moun fin konnen w
Ou pap kite kripya
Oh non
Anmwey
Se sa, se sa

Source: wikimizik.com

[Lyrics] RENMEN MOUN KI RENMENW – TOBY ANBAKE @Tobyanbake

$
0
0

Verse1
Chak moun nan lavi, blòdè ou PA, ti jèn oubyen PAPA…

Gon moun ki ba’l on vi, ki ba’l on vibe, mete’l O PA…
Ti J’AIME ti jwèt APA, ti bo ANBA ANBA…

Pa gon moun ki pa gon moun ki special, non Y’EN A PAS…
Refrain
Konnen kè a bezwen on BAGAY FRÈ

Eh se pa selman BAGAY FÈ

Ou pa ka eksplike’l men’w SANTIL

Ou rich.., san’w posed’on SANTIM…
(RENMEN MOUN KI RENMENW…*4) BIS
Verse2
Chak lè li gadem SON LOT BAGAY, lè’l souri LI BANM VIBE…

Lè’l TOUCHEM CHÈ DE POUL leve sou TOUT KÒM GADO’N DJAZZ…
Ti mòde ANBA CHAL, ti kout dan SA PA CHAY…

Jalouzi CHAK SEGOND, love CHAK SEGOND, santi MAP FLY
Ref……………..!
Verse 3
Si’m PREZIDAN wap PREMYÈ DAM

Si’m HHOLLANDE wap AMSTERDAM

Si’m ADAN se ou kap EV MWEN…
M’ se KÒD GITA ou se BWA’M

Vin DODOMEYA nan BWA’M

Tout LANNWIT mwen wèw nan RÈV MWEN…
Si’m OSWALD DURAND wap CHOUCHOUNE

Nan BOUYON’M ou se KÒKONM

MOSO VYANN pou CHASERÈZ MWEN…
Ou se CLAIRE-HEUREUSE mwen MARIE-JEANNE

HAÏTIENNE mwen, FANM KI DJANM

Ou se TREZÒ’M, ti MALERÈZ MWEN…
Ref……………!

Bri Pyew [Lyrics] – @Princesssallie1

$
0
0

Lyrics 

Le m tande bri pye w
Tout plim sou do m kanpe
 Ke kontan lanmou libete Vin mouri nan pye m
 Gwo midi sonnen M ap veye tounen w
Van bwote lode w nan tou nen m
Nan tout kwen m
 Yon bri ki ka kalme soufrans mwen
 Yon bri k ka disparet doulè mwen
 Bri sa mete bout nan grangou mwen
 Bri sa se limye sou chimen mwen
 Fe m tande bri pye w kalme tanpet mwen
 Fe mwen bliye mize traka,
 fem santi w tou pre m
Fe vit vin touche m
Mwen anvi w konble m
Anvan lanwit tonbe
Bajou lontan kase eee
 Bridge
Bri pye w di kile timoun a sispann kriye
 Tout ti bwa k kase fe m panse w rive
Bri pye w banm kouray pou m lite
Kouray pou m viv pou m di sètase
Yon bri ki ka kalme soufrans mwen
 Yon bri k ka disparet doulè mwen
 Bri sa mete bout nan grangou mwen
 Bri sa se limye sou chimen mwen

Gen Bad Man La(Lyrics) – TUF Feat Big Jim

$
0
0


TUF- Gen bad man la (feat. Big Jim)
•Pawòl / Paroles: Pape John – Big Jim & Machiavel
•Mizik / Musique: Sousbit

Entro / Intro: (Machiavel)
Yeah! TUF! Big Jim epi that’s it.
We go hard on this one, let’s get it.

Pon / Pont: (Pape John)
Vil la chaje baz kote k pa jwe
Pa nèg k ap rale ki pap pete
Glaatata! Fè erè w ap rete
Konprann byen sa m ap di w, m pap preche

Koral / Refrain (2 fwa / 2 fois): (Pape John)
Gen bad man la (eeeyyy), gen bad man la
M avèti w yeah
Gen bad man la (eeeyyy), gen bad man la
M avèti w yeah

Kouplè 1 / Couplet 1: (Pape John)
Chaje neg nan ghetto man tout kote
Nan operasyon ki pap fè kou manke
Ki pap achte figi w menm pou bèl bote
E nenpòt ti erè se tèt ou pote
Yo bay face janti bwa men pa rezon pou w vin jwa k ti bwa la
Pase Kriswa, Site Solèy, nan Bèlè ti bwa la
Chaje bad man yeee, souvan yo danje, yo pataje nenpòt sa ki tonbe nan street la, wap jwenn yo la
Rive Senmak e fon kout pye nan Pòtay Gèp
Erè w paka fè sinon ou ka panse w nan kont ak gèp
Nigga wap tande glaa-to-to-tow
Pa bezwen di w rive nan Ganayiv, nan Raboto

Koral / Refrain (2 fwa / 2 fois): (Pape John)
Gen bad man la (eeeyyy), gen bad man la
M avèti w yeah
Gen bad man la (eeeyyy), gen bad man la
M avèti w yeah

Kouplè 2 / Couplet 2: (Big Jim)
Tout antouraj nou chaje bad man, 6è pap pran n nan kabann
Pou kontrole sa k antre, sa k soti, sa k achte, sa k vann
Laplèn, Delma, Bèlè, Gran Ravin, Tibwa, Site Solèy
Lè blòdè bezwen brase believe mwen li bliye somèy
Nan plas griyen dan n oblije kontre sousi nigga
Li pap fasil pou w reziste si w son pussy nigga
E si w son snitch, nigga stay way from me
Fè ti pote ale epi lè w wè m ou vle rele m zanmi
M ka konprann ou vle vole paske menm cheni tounen papiyon
Kontrole raj ou, jere baz ou, fè yon paviyon
Nèg konn touye nèg pou yon fwi dòdòy
Tanperaman chanje depi l fin kòkòy
Van vire bagay y anpire nèg ame jous au dan tankou l pwal monte film cowboy

Koral / Refrain (2 fwa / 2 fois): (Pape John)
Gen bad man la (eeeyyy), gen bad man la
M avèti w yeah
Gen bad man la (eeeyyy), gen bad man la
M avèti w yeah

Kouplè 3 / Couplet 3: (Machiavel)
Huh! Ann fon pase Pòdepè, kote m grandi nan chalè, non yo pa nan fòsefè
Anyen pou fè moun sezi
Konnen pou w fè moun plezi
Men peu importe de kondisyon wap viv la, fòde w fyè
Nan palan, dè Ti Pòtpe, di m sa k pase nan Djerilon
Son presizyon, m gon previzyon, di m sa k pase non, Previlon
Avan m kite vil la yo di m wout sa twò long
Chak poz nan Gwomòn, m konn sak pase Bouk Salonmon
Al kwè sa non, m pa nèg salon
Pase nan Miragwan, ou kwè w ka di w pa konn nèg Chalon
Aparans toujou tronpe nigga, se pa sa?
Tout otan m gen souf w ap toujou tande m nigga, se Machia

Koral / Refrain (2 fwa / 2 fois): (Pape John)
Gen bad man la (eeeyyy), gen bad man la
M avèti w yeah
Gen bad man la (eeeyyy), gen bad man la
M avèti w yeah

Fen / fin: (Machiavel)
Yeah, this for my niggas in the struggle
Noting but sweat and tears
Just another prospective (hahaha, yeah, TUF)
Sa se pou tout bad man k ap brase, k ap chache
Ki pa nan fè sak wrong, ou konprann?
General Ma, I see you

Lyrics – Timidite – Phat G Ft. Flav & Baky

$
0
0

S’on feeling ki puisan
Ki fè’m fèb an menm tan
Se imajinasyon’m k’ape mache
Li la devan’m m’paka touche’l ohhhhh
Domine tout rèv mwen
Anchene zantray mwen
Fè’m tounen yon esklav
Cherie sa grav
Diksyonè’m pa gen brav oh ohhhhhh
Ouwo ohhhhhhh
Anchene zantray mwen

HOOK
Se Timidite bb
Se Timidite
Ki anpeche lanmou’n fleri bb bb
Se Timidite bb
Ohhh ohhhh oh ohhhhhh
Timidite bb…

(Flav Verse)
Ou banm yon feeling m’paka eksplike
Cheri lè ou bò kote’m
Eh eh eh yèh èh….
Ti kè mwen pran tranble
Syèl la chavire
M’pa konn kibò pou’m kòmanse
Eh eh eh yè è…..
O cheri
Se nan kè’m pou’w ta ye
Pou’w wè mizè m’ap andire
Eh eh eh yè è…..
O cheri annnnnn bebi
M’panse a ou chak jou….chak jou
Chak jou
Ouwo ouwo ooo yè……….

{Verse-Baky}
Pouw renmen yon fanm ke’w kwaze, di mwen combien de temps faut-il?
Manvi di’w bèl pawòl, yo just paka soti
M santi lang mwen lou, m santi je’m wè twoub, m pè tonbe nan twou, timidite mwen nan ka sa fotif
Fotif pou feblès mwen
Fotif pou mank kouraj mwen
M pè mande’w zanmi, pandan’w se baz tout antouraj mwen
Mespere gon zanmi’m kap pale’w de mwen
Paske depi’m wè’w m’ bèbè, m’oblije ap gade’w de lwen
Map gade’w de lwen, map imajine’w nan 2 bra’m
M koze avè’w nan mind mwen san’w pap janm ka tande vwa’m
M son solda, timidite se Komandan’m
So map pale avè’w nan panse’m koz pawòl yo ret kole anndanm

Viewing all 250 articles
Browse latest View live